Kongrè Santa Barbara
DEKLARASYÒN
Soti 25 pou rive Avril 1997, 13
nèg ak nègès konesè Ayisyen te rankontre nan Inivèsite
Kalifòni ki tabli nan Santa Barbara, pou yo fè
yon wonble sou Vodou. Alafen wonble a, Nèg ak nègès
konesè sa yo te pran desizyon kreye yon organizasyon
yo batize: Kongrè Santa Barbara.
Fondatè Kongrè Santa Barbara a pran angajman
pou yo kreye yon espas—ensanm ak lòt moun ki vle
pote kole ak yo—yon espas kote nèg ak nègès plim
e ank kapab pi profonde nan konesans Vodou a. Yo
pran angajman sa a paske yo gen yon kouran lasajès
ki envayi lespri yo, epi tou paske yo pran konsyans
yon seri tray ak tribilasyon Ayiti ap pase, yon
seri batay difisil Ayiti ap mennen chak jou pou
yon demen miyò, epi tou yon seri hing hang chen
manje chen ki anpeche peyi nou fè yon pa ann avan.
Fondatè Kongrè Santa Barbara a pwopoze pou manm
li yo ekzèse yon enfliyans sou jan politik kiltirèl
peyi Dayiti ap mache, sou jan gouvènman an ap mennen
bak li nan domèn sa a, epi sou tout lòt desizyon
ki ka afekte lavni politik kiltirèl Repiblik Dayiti.
Se paske manm fondatè yo konnen fen e byen enplikasyon
wonble istorik sa a ki fè yo pwopoze sa yo pwopoze
a.
Pèsonn pa kapab nye prezans, ròl
ak enpòtans Vodou nan listwa, nan sosyete epi kilti
Ayiti. Dayè, pèsonn pa kapab pa rekonèt Vodou a
se yon pati enpòtan ki fè Ayiti Ayiti tout bon.
Pèsonn pa kapab di Vodou a pa gen enpak sou konpòtman
Ayisyen, kit se kòm relijyon, kit se kòm disiplin
entelektyèl. Vodou a make enstitisyion popilè nou
yo, relasyon moun ak moun, pawol gason ak famn
pou kò yo, relasyon andedan yon fanmi, relasyon
andedan kòporasyon atis nou yo. Li make filozofi
epi prensip moral nou, literati ekri ak literati
oral nou, mizik sèvis ansanm ak mizik banbòch nou
yo, lizay nou, lasyans ak teknoloji nou, epi sitou
ladrès nou nan tretman maladi.
Moun ki deyè Kongrè si
la gen konviksyon Vodou a deja jwe epi gen poul
jwe yon gran ròl nan gran plan devlopman Ayiti
nan domèn sosyal, ekonomik, politik epi kiltirèl.
Kote devlopman fèt tout bon, kote li reyisi, se
toujou kote modènizasyon an makonne ak tradisyon
ansèt yon pèp te mouri kite, yon tradisyon ki enrasinen
nan eksperyans kiltirèl pèp la.
Moun ki deyè Kongrè
Santa Barbara a envite lòt Ayiseyn ki gen konesans
ansanm ak moun ki pa Ayisyen natif natal, men ki
gen konesans tou ou byen lòt moun ki ap chèche
konnen, yo envite tout moun sa yo, depi yo aksepte
bi ak objektif kongrè a, pou yo vini pote kole
ak moun ki deyè organizasyon nan batay yap mennen
pou defann epi ilistre poto mitan eritaj kiltirèl
ki garanti lavni nasyon Dayiti. |
Congrès
de Santa Barbara
DECLARATION
Au mois dʼavril 1997, un colloque
sur le Vodou sʼest tenu à lʼuniversité de Californie,
Santa Barbara. A ce colloque ont participé treize
chercheurs et universitaires haïtiens qui, à lʼissue
de cette rencontre, ont décidé de poursuivre collectivement
lʼeffort accompli et de l'institutionnaliser sous
le nom de Congrès de Santa Barbara.
Tenant compte
du parcours difficile et des longues crises qui
ont marqué lʼhistoire de leur pays, et imbus de
la sagesse collective émanant de leur culture,
les fondateurs du Congrès de Santa Barbara, et
avec eux tous ceux qui plus tard les rejoindront
dans leur cause, ont résolu de créer un espace
de recherche en vue de multiplier et de développer
les études sur le Vodou.
Tout en reconnaissant la signification
et la portée historique de ce colloque au cour
duquel des chercheurs haïtiens ont, de par eux-mêmes,
décidés de se constituer en organisation, le Congrès
de Santa Barbara se propose, à travers ses activités,
dʼavoir un impact sur la politique culturelle haïtienne
ainsi que sur les mesures et les décisions prises
dans ce domaine.
Le rôle du Vodou dans lʼévolution
de lʼhistoire, de la société et de la culture haïtienne
est indéniable et de nos jours, cette expression
profonde de la religiosité haïtienne est considérée
comme faisant partie intrinsèque de la conscience
collective du peuple haïtien. Dans cette même ligne
dʼidée, nous devons aussi souligner lʼinfluence
spirituelle et intellectuelle du Vodou dans des
domaines aussi variés que les institutions populaires
nationales, la famille, les relations humaines
en général, y compris lʼapport féminin, la philosophie,
les arts plastiques, le créole, la littérature
orale et écrite, la science et la médecine traditionnelle,
pour ne citer que ceux-là. Aussi les membres fondateurs
du Congrès de Santa Barbara croient fermement que
le Vodou joue et jouera un rôle déterminant dans
le grand schéma de développement de la République
dʼHaïti dans les domaines socio-économiques, politiques
et culturels. Car le développement pour être vrai
et durable doit toujours provenir de la modernisation
des traditions ancestrales et sʼenraciner dans
la culture populaire.
Les membres
fondateurs du Congrès de Santa Barbara étendent
une chaleureuse invitation aux chercheurs et universitaires
haïtien et étrangers qui voudraient se joindre
à eux dans leur défense et illustration du Vodou,
ce poteaumitan de lʼhéritage culturel haïtiens,
destiné sûrement a jouer un rôle prépondérant dans
le développement futur de la nation haïtienne. |
Congress
of Santa Barbara
DECLARATION
Thirteen Haitian
Scholars met in April 1997, at the University of
California, Santa Barbara for a colloquium on Haitian
Vodou, The Spirit and The Reality: Vodou and Haiti.
At the end of the conference, these scholars decided
to institutionalize their efforts through a new
association under the name, the Congress of Santa
Barbara.
Imbued by a sense
of collective wisdom and aware of the long, difficult
and constant struggles and crises undergone by
their homeland, the Founders—and others who
might join them—pledged to create a space
where scholarship on Vodou can be augmented. Cognizant
of the meaning and the implications of this historic
reunion where Haitian scholars seized the initiative,
the Congress proposes to have an impact on Haitian
cultural politics as well as on other measures
and policies that affect the Republic of Haiti.
The presence, role
and importance of Vodou in Haitian history, society
and culture are inarguable, and recognizably a
part of the national ethos. The impact of the religion
qua spiritual and intellectual disciplines on popular
national institutions, human and gender relations,
the family, the plastic arts, philosophy and ethics,
oral and written literature, language, sacred and
popular music, science and technology, and the
healing arts, is indisputable. It is the belief
of the Congress that Vodou plays and shall continue
to play a major role in the grand scheme of Haitian
development and in the socio-economic, political,
and cultural arenas. Development, when real and
successful, always comes from the modernization
of ancestral traditions, anchored in the rich cultural
expressions of a nation.
The Founders of
the Congress of Santa Barbara invite all scholars
and interested parties who subscribe to its goals
and objectives, to join it in the defense and illustration
of this potomitan of the Haitian cultural heritage
that is such an integral part of the country's
future. |